Framework Conversations
Framework Conversations

Framework Conversations

Davidson Jules

Overview
Episodes

Details

Become a Paid Subscriber: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/subscribe Join leader, optimist and change maker Davidson Jules as he sits down with some brilliant, inspiring and wonderful guests on their life stories and changes they are making to this world and people's lives. We talk about educational leadership, personal development and topics that matter for sustainable solution. Our goal is to Motivate, Encourage and Inspire! "If your goals don't influence your calendar, they aren't really your goals". Kent Ingle.

Recent Episodes

Kòmanw kapab gen yon konvèzasyon ki Difisil sanw pa kreye plis KONFLI!
MAY 7, 2023
Kòmanw kapab gen yon konvèzasyon ki Difisil sanw pa kreye plis KONFLI!

Nan epizod sa, nou wè 5 fason ke yon moun kapab gen yon konvèzasyon ki difisil swa avèk ekip li, manm fanmil oswa patwonl sanl pa rive kreye plis konfli.

  • Youn nan egzanp nou site nan epizod sa nan sa ki gen wè ap dirije avèk konpasyon se egzanp Jeff Weiner te pataje nan konvèzasyon li avèk Oprah; kote lap esplike move entèpretesayon anpil moun fè sou sa ki gen pou wè ak lè yon moun ap dirije avèk konpasyon ak kisa konpasyon pa ye.


  • Nou rete kwè gen plis fason toujou ke moun ki nan pozisyon pou dirije oswa moun yap dirije yo kapab rive diskiste sou sa ki pa fè yo byen oswa kap mal mache antouraj yo nan sousi pou jwenn solisyon san yo pa kreye plis konfli men pito rive pote chanjman radikal sa ke tout moun swete wè a anndan òganizasyon oswa kominote sa. Jan nou repete souvan nan podkas sa, "Lidèship se Disiplin" e tout moun ki nan pozisyon pou lid lòt moun si pa gen disiplin ap toujou gen konfli ki pa nesesè. Epitou Lidè yo sipoze ap fòme tèt yo san kanpe paske se youn nan pi meyè fason pouw pi byen oryante moun sa yo ke wap lid yo.
  • Sonje sa byen, se pa tout konfli kew paka evite men lesansyèl se koman ou abòde sityasyon an kap baw yon rezilta diferan. Nou swetew jwenn fason paw lan kap edew gen konvèzasyon difisil sa epi rive fè chanjman radikal sa nan kilti òganizasyon oswa kominote wap evolye.


Sonje pataje epizod ou sot koute a ak yon lot moun ou pa janm konnen ki diferan li ka fè nan lavi pal.




--- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/message
play-circle
13 MIN
Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!
JAN 13, 2022
Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!
Pou ane 2022 sa kew jwenn pi bon fòmil kap pèmèt ou reyalize pwojè ou a, men sitou antanke lidè pou ou gon pi bon enpak pozitiv nan lavi sila yo wap dirije yo… Lidèship se enfliyans donk veye sou modèl enfliyans wap degaje nan antouraj ou. Pandan tout ane sa, sonje ke konsistans ansanm ak pèsistans se yo ki pral pwodwi chanjman sa kew ta renmen wè nan ane kap vini yo. Pandan wap réfléchi ak objektif ou yo, sonje ke anpil fwa pwogrè a konn tèlman klè devan jew, sa konn koz ou bliye tout wout kew pase pouw rive kotew ye a, jiskaskew fon ti gade dèyè. Youn nan bon prensip ke mwen swete pataje avèw pouw ane sa parapò ak objektif ou yo, se fè sur kew kapab mezire tout objektif sa yo, siw paka mezire yo, yo pa yon objektif. Se kapab petèt yon bon oswa bèl ide, li ka petèt yon bagay kew ta renmen reyalize, oubyen yon bagay kew swete fè meditasyon sou li. Toutotan, se pa yon bagay kew kapab mezire, yon bagay kew ka kantifye, mete yon dat spesifik sou li epi revizel regilyèman, li poko yon objektif. Pou ane sa, Olye nap mete yon pakèt bèl rezolisyon nan lis nou, anpil fwa ki sèlman baze sou lafwa; paske gen anpil kondisyon ki reyni poun paka reyalize yo vre. Map envitew konsidere ansanm ak mwen 3 kesyon sa yo, ke mwen kwè kap pote yon diferans nan anviwonman travay ou ansanm avèk ekip ou pou nouvo ane sa. 1-Kijan ou ka kontinye envesti nan manm ekip ou yo? 2-Ki Bagay kew te fè oswa metod ke ou te aplike nan fasonw Travay ki fè moun sa yo toujou renmen Travay avèk ou? 3-Kisa moun ke wap sèvi yo te apresye pandan ane ki sot pase a nan modèl lidèchip wap aplike a? Se kesyon sa yo nou eseye gade nan epizod sa epi pataje refleksyon ak eksperyans pèsonèl nou ak ou. Si se pwemye fwa wap koute podcast sa, mwen envitew tape framework Conversations sou tout platfòm ke moun ka tande podcast pouw ka gen aksè ak tout ansyen épisode nou yo epi abonde pouw ka resevwa nouvo épisode nou yo chak fwa yo disponible. Non Pam se Davidson Jules, --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/message
play-circle
16 MIN